nous se

fondasyon an

bwat zouti pou ede moun
k ap fè entèvansyon
nan sitiyasyon kriz yo
aprann regle sistèm nève yo

“Nous Se Fondasyon An” se yon zouti miltimedya gratis, ki disponib nan plizyè lang pou ede moun kap òganize sou premye liy kriz yo kontwole sistèm nève yo . The Embodiment Institute te kreye li nan patenarya ak Latinx Therapists Action Network, Coaching for Healing, Justice, and Liberation, ansanm ak yon rezo pwofesyonèl endepandan. Si w ap reyaji kont operasyon ICE yo, katastwòf klimatik, lòt fòm vyolans nan men sistèm leta ak sistèm enperyalis yos, deplasman, oswa nenpòt lòt sitiyasyon kote plizyè kriz kwaze ansanm nan kominote premye liy yo, Nou apresye tout sa n ap fè, nou pote nou nan kè nou, epi zouti sa a fèt pou ou!

Kijan pou w itilize bwat zouti sa a

Ou ka kòmanse depi nan kòmansman gid la, oswa nan pati ki atire w an premye a!

Nou ankouraje w li oubyen gade tout sa w kapab. Nou kwè li enpòtan pou nou deja gen pratik sa yo nan nou, pou lè nou pi bezwen yo, nou ka fasilman sèvi avè k yo.

Si ou deja nan mitan yon sitiyasyon k ap mande pou w aji epi ou vle pratike kounye a menm, ou ka ale dirèkteman nan pratik ki anba yo pou pase alaksyon . Apre sa, ou ka retounen pita pou w detann kò ak lespri w, reflechi sou eksperyans ou, epi aprann plis.

Si ou bezwen sipò ki depase pratik sa yo, kit se nan men yon moun ki ka akonpaye w, yon pwofesyonèl, oswa sèvis ijans—tanpri chèche sa w bezwen an.

Ansèyman ak pratik pou w aprann ak devlope konpetans 

Nan seksyon sa a, gen kèk ti ansèyman sou sistèm nève a, estrès, ak kapasite pou adapte. Genyen tou kèk pratik pou ede nou aprann konnen pwòp sistèm nève nou epi devlope kapasite pou nou koute kò nou. Lè ou fè pratik sa yo poukont ou oswa avèk lòt moun, sa kapab ede w prepare w pou pase alaksyon, rete pi prezan, epi gen plis kapasite pou fè chwa avèk plis konsyans nan mitan sitiyasyon ki boulvèsan yo, epi chache sipò, resous ak koneksyon lè w anba presyon. Yo kapab ede w tou kontinye aprann, avanse sou chimen gerizon w.


Konprann sistèm nève w epi aprann travay avè l

| ansèyman, 5 minit (an anglè ak soutit)

Soti nan Francisca Porchas Coronado, Latinx Therapists Action Network

Videyo sa a esplike kijan sistèm nève a fonksyone ak poukisa nou ankouraje w fè pratik ki nan gid sa a. Ladann, Francisca ap pale avèk nou sou sajès sistèm nève nou an ak fason li konnen pou l reyaji pou pwoteje nou, pandan l ap ede nou akonpli misyon nou.

Remake epi idantifye

| pratik pou konprann kijan kò w reyaji, 3.5 minit (an anglè ak soutit)

Soti nan Sandra Olarte-Hayes, Latinx Therapists Action Network

Sa a se yon pratik Latinx Therapists Action Network devlope pou ede w aprann rekonèt fason sistèm nève w reyaji pou pwoteje w lè w anba estrès.


Estrès, kapasite pou adapte nou, ak resous

| pratik mityalite, 13 minit

Soti nan Prentis Hemphill, The Embodiment Institute

Videyo sa a prezante yon fason pou nou travay ak estrès, kote nou aprann wè li kòm yon okazyon pou chèche resous, sipò, epi konekte ak lòt moun. Yo gide nou nan yon pratik sipò resipwòk, pandan n ap pratike fason pou nou idantifye epi eksprime bezwen nou yoyo.

 Pratik pou fè pandan ak apre yon aksyon 

Seksyon sa a prezante kèk pratik ki ka ede w rete anrasinen [nan moman an] epi regle sistèm nève w pandan moman gwo presyon, apre yo fin pase, ak nan entèval ki genyen ant moman sa yo. Nou vrèman ankouraje w gade oswa li tout materyèl ou kapab davans, epi pou entegre pratik sa yo na lavi w chak jou (ideyalman ansanm ak lòt moun [lyen ki esplike kijan pou pratike, pi ba a]). Sa ap pèmèt ou sèvi ak pratik sa yo lè w plis bezwen yo.


Pratik pou mobilize enèji, kouraj, oswa preparasyon pou aji
(anvan oswa pandan yon aksyon)

Aktivasyon torasik

| pratik pou mobilize enèji, 3 min

Soti nan tayla shanaye, Coaching for Healing, Justice, and Liberation

Sa a se youn nan twa pratik senp tayla shanaye prezante, ou ka fè l avèk diskresyon san w pa atire atansyon sou sa w ap fè. Lè w aktive tòras la (zòn ki ant kou a ak vant lan), sa ka ede kò w reprann mouvman ki te te bloke yo. Li ede w soti nan reyaksyon kote kò a fèmen sou li menm epi li gen difikilte pou reyaji.

Pratik pou retounen nan yon eta ki estab epi reoryante tèt ou (pandan yon aksyon oswa nenpòt ki lè)

Tèt, Kè, Zantray

| pratik pou ede w retounen anrasinen, 8 minit

Soti nan Prentis Hemphill, The Embodiment Institute

Sa a se yon pratik ki ede nou rete byen prezan nan moman an epi eksplore avèk kiryozite sa kò nou ap kominike. Nou kapab fèt li poukont li oswa ansanm ak lòt moun, nenpòt ki lè. Pou fè l, senpleman vire atansyon w sou kò w epi mande tèt ou: “Kisa zantray mwen konnen? Kisa kè mwen konnen? Kisa tèt mwen konnen?”

Vèjans

| pratik pou anrasinen lè w fikse je w sou orizon an, 5 min

Soti nan Sandra Olarte-Hayes, Latinx Therapists Action Network

Vèjans se yon pratik Latinx Therapists Action Network ki ede w rete anrasinen lè w fikse je w sou orizon an.


Presyon sou nè vag la avèk lang lan

| pratik pou kalme tèt ou, 2 min

Soti nan tayla shanaye, Coaching for Healing, Justice, and Liberation

Sa a se youn nan twa pratik senp tayla shanaye prezante, ou ka fè li avèk diskresyon san w pa atire atansyon moun. Ou ka sèvi ak pratik sa yo nan mitan yon konvèsasyon, pandan w ap fè òganize, oswa pandan w nan mitan yon aksyon. Pratik sa a sèvi ak lang lan pou aktive nè vag la, sa ki ka ede kalme sistèm nève a nan moman gwo estrès.

Pratik pou fè enèji ya sikile (apre yon aksyon)

Souke kò a

| pratik pou lage tansyon, 3.4 min

Soti nan Sandra Olarte-Hayes, Latinx Therapists Action Network

Souke kò a se yon pratik Latinx Therapists Action Network ki ede lage tansyon, estrès ki akimile, ansanm ak lage emosyon kò a kenbe.

Sandwich sekirite

| souti sekou ki itilize yon pwen nan zòrèy goch la ak frapman sou zo yo, 6 min

Soti nan tayla shanaye, Coaching for Healing, Justice, and Liberation

This is one of three simple practices from tayla shanaye that you can do subtly without calling attention to them. This practice uses the tongue to activate the vagus nerve, which can soothe the nervous system in a time of acute stress.

kijan pou w pratike chak jou nan lavi w epi ansanm ak lòt moun 

Nan seksyon sa a, gen zouti pou entegre pratik sa yo chak jou nan lavi w, kit ou pratike poukont ou oswa ak yon gwoup. Nou mete ladan l prensip ki montre kijan pou pratike, yon gid ki pou fasilite yon gwoup pou kont li, ansanm ak kesyon pou ede yon moun oswa yon gwoup prepare yon plan pratik. Nou espere sa enspire w pou fè pratik sa yo vin tounen yon pati enpòtan nan travay òganizasyon kominotè ak nan lavi w.


Aprann kò w epi konprann sa w bezwen : Eseye diferan pratik somatik pou dekouvri kiyès ki pi byen adapte ak bezwen w.

Pratike regilyèman! Pratike souvan pou fè egzèsis sa yo vin tounen yon pati nan lavi chak jou ou ak abitid ou. Sèvi ak pratik ki nan gid sa a kòm sous enspirasyon ak oryantasyon. Rekonèt tou sa w deja ap fè pou ede tèt ou reprann fòs, jwenn ekilib, epi regle sistèm nève w, epi fè sa avèk entansyon.

Pratike ansanm!: Menm jan travay nou se yon efò kolektif, gerizon nou se yon efò kolektif tou. Entegre pratik ak aprantisaj sa yo nan gwoup ou yo. Kreye espas pou yo vin fè pati fason n ap travay ansanm. Lè n ap prepare ak planifye, ranfòse konesans, devlope ladrès, epi familyarize nou ansanm ak pratik sa yo, pou lè moman kriz yo rive nou kapab sèvi avè yo. Ou ka sèvi ak gid oto-fasilitasyon sa a.

Pa pè santi w malalèz!: Aprann fè nouvo bagay mande kouraj. Sa mande pou nou pran risk, aji yon fason ki diferan youn ak lòt, epi kite lòt moun wè kiyès ou ye plis. Bay tèt nou pèmisyon pou nou santi nou malalèz pandan n ap aprann, epi kontinye avanse avèk kouraj.

Kreye koneksyon epi pran plezi: Kraze izolman epi ranfòse koneksyon lè nou rasanble kominote a pou pataje manje, sosyalize, epi jwe. Mete lajwa nan pratik nou yo!

Rete ann amoni youn ak lòt: Fè li tounen yon abitid pou tcheke kijan chak moun ye ak sa li bezwen—nan kòmansman reyinyon yo, nan kòmansman chak semèn, elatriye.

Fè antant ansanm: Diskite epi dakò sou fason nou vle sèvi ak pratik sa yo youn ak lòt epi kijan nou ka entegre yo nan travay nou ansanm.

Kontinye sou chimen an: Pa fè pratik sa yo tounen tout vwayaj la. Yo louvri yon pòt pou yon chimen gerizon ki pi laj. Chèche resous ak lòt moun ki kapab pratike ansanm avè w epi sipòte w nan chimen sa a.

Di nou kijan sa ap mache

Kite yon mesaj vokal pou fè nou konnen kijan w ap pratike, sa w ap aprann, kesyon w ap poze tèt ou, ak nouvo posiblite pratik sa yo louvri pou ou.

Oubyen ekri refleksyon ou yo isit la.

Patnè yo

“Nous Se Fondasyon An” te kreye an patenarya ak Latinx Therapists Action Network (sit entènèt an Panyòl ak Anglè), Coaching for Healing, Justice, and Liberation (sit entènèt an Anglè), ansanm ak yon rezo pratikan. Pami moun ki te patisipe endividyèlman, genyen:

Prentis Hemphill

The Embodiment Institute

adrienne maree brown

otè ak pratikan somatik

Francisca Porchas-Coronado

Latinx Therapists Action Network

Sandra Olarte-Hayes

Latinx Therapists Action Network

Susan Raffo

pratikan somatik
ki soti Minneapolis

Marie Michael

pratikan somatik
ki soti Minneapolis

Damon Azali

Coaching for Healing, Justice
and Liberation

tayla shanaye

Coaching for Healing, Justice
and Liberation

Mèsi dèske ou rete sou chimen an!